
Kiyèsnouye ?
SipòSiko se yon asosyasyon ki travay pou ankouraje sante mantal, atravè sansibilizasyon, sipò sikolojik ak aktivite psikososyal ki aksesib pou tout moun, sou entènèt ak an prezansyèl.

Kisa SipòSiko ye
Yon sipò sikolojik aksesib, imen e enklizif.
SipòSiko angaje l pou l ofri yon sipò sikolojik aksesib, imen e enklizif, pou ankouraje sante mantal tout moun.
Misyon
Misyon nou se ankouraje sante mantal atravè aksyon sansibilizasyon, prevansyon ak aktivite psikososyal.
Nou angaje nou pou n kraze tabou ki gen rapò ak sante mantal, lè n kreye espas ki an sekirite e ki aksesib, kote chak moun ka pale, aprann epi jwenn akonpayman.

« Nou reve yon sosyete kote sante mantal rekonèt, respekte e jwenn sipò, yon sosyete kote pèsonn pa rete dèyè akoz estigmatizasyon, diskriminasyon oswa mank resous. »
Objektif
Sa n ap fè, ansanm.

- 01
Enfòme ak sansibilize
Sou defi yo ak prejije/estereyotip ki antoure sante mantal, atravè kontni edikatif nan plizyè lang (piblikasyon, videyo, podcast, elatriye).
- 02
Mobilize
Kreye yon kominote kote moun ede youn lòt, lè n enplike jèn yo, fanmi yo ak lidè kominotè yo.
- 03
Fasilite aksè
Nan sèvis sante mantal, lè n ofri yon akonpayman premye liy : gwoup pawòl, sikoterapi, aktivite rekreyatif, oswa oryantasyon kote pwofesyonèl.
- 04
Kolabore
Aktivman ak pwofesyonèl sante mantal, enstitisyon ak kominote lokal yo pou ranfòse enpak kolektif la.
Valè ak prensip
Sante mantal konsène nou tout.
- Senpati ak san jijman
- Chak moun merite pou yo koute l, konprann li e sipòte l, san li pa santi y ap jije l.
- Aksesibilite
- Sante mantal se yon dwa fondamantal pou tout moun, kèlkeswa sitiyasyon sosyal, jewografik oswa ekonomik yo.
- Diyite
- Nou valorize chak moun nan sa ki fè l inik ak tout konpleksite l.
- Solidarite
- Sante mantal konsène nou tout. Ann bati ansanm yon kominote sipò.
- Pwofesyonalis
- Aksyon nou yo chita sou apwòch sikolojik ak psikososyal ki valide syantifikman, ki etik e ki adapte.
- Konfidansyalite
- Respè vi prive ak pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl yo nan kè angajman nou.
Piblik sib
Chak eksperyans inik e li merite pou yo tande l.
Nou vize sitou jèn yo (16 a 35 an), atravè aktivite sou teren ak tout moun ki itilize rezo sosyal yo.
San konparezon ni jijman, nou ankouraje nenpòt moun, kèlkeswa chemen l, istwa l oswa kalite soufrans li, pou l patisipe nan aktivite nou yo. Espas nou yo fèt pou yo janti, enklizif e aksesib pou tout moun, pou chak moun ka jwenn ladan yo yon zòrèy ki koute, sipò ak zouti pou l avanse.

Espas nou yo resevwa sitou :
- Moun ki nan estrès, ki gen enkyetid (anksyete) oswa k ap chèche repè emosyonèl
- Moun tout sèks (fanm, gason, moun LGBTQIA+), sitou sa yo ki fè fas ak diskriminasyon sikolojik oswa sosyal
- Kominote ki majinalize e ki pa gen anpil aksè ak sèvis sante mantal (zòn riral, katye popilè, minorite seksyèl oswa jann)
- Fanm ak tifi ki viktim vyolans sikolojik, seksyèl, ekonomik oswa sosyal
- Aktè kominotè (pwofesè, lidè, ajan sante) ki vle fòme yo e angaje yo nan inisyativ sante mantal
- Fanmi ak pwòch moun k ap viv ak twoub mantal, ki vle pi byen konprann yo e akonpaye yo
Kalite aktivite
Sou entènèt oswa an prezansyèl, yon espas pou chak moun.
Atelye ak fòmasyon
Atelye tematik, fòmasyon ak konferans, sou entènèt oswa an prezansyèl.
Gwoup pawòl
Espas an sekirite pou pataje sa w ap viv epi pou yo tande w, san jijman.
Podcast ak videyo
Kontni edikatif pou konprann sante mantal epi kraze tabou yo.
Byennèt
Seyans relaksasyon, atèterapi oswa byennèt pou pran swen tèt ou.
Sansibilizasyon
Kanpay sansibilizasyon sou entènèt oswa an prezansyèl, toupre kominote yo.
Gwoup diskisyon
Pale, aprann ansanm epi bati yon kominote kote moun ede youn lòt.
Swiv nousou @siposiko
Vin fè pati yon kominote sipò. Pou patisipe nan yon aktivite, vin jwenn nou oswa senpleman pale ak yon moun, ekri nou.